Jere Dyabèt tip 2 a
Dyabèt tip 2 a se yon maladi alontèm (kwonik). Jere l sa ka vle di fè kèk chanjman difisil. Ekip swen w lan ka ede w.
W ap bezwen marye medikaman w yo ak rejim epi aktivite. L ap ede w jere dyabèt tip 2 w la. W ap bezwen verifye souvan kantite sik ki nan san w tou. Epi travay avèk founisè swen sante w la pou evite konplikasyon yo.
Pale ak ekip ou a konsènan sèvis yo rele edikasyon ak sipò pou jere dyabèt poukont ou (diabetes self-management education and support, DSMES). W ap aprann konpetans ki pou ede w pi byen jere dyabèt ou a epi jwenn sipò lè w bezwen. Yo ka bay sèvis sa a an gwoup oubyen endividyèl ak ekip ou a. Li ka disponib atravè telesante tou.

Pran medikaman w yo
Ou ka pran konprime oubyen bay tèt ou enjeksyon ensilin pou dyabèt la. Oubyen w ka itilize toude. Pran medikaman w yo oswa bay tèt ou ensilin nan bon moman an, sa ap ede w kontwole nivo sik ki nan san w. Reflechi ak ki mwayen k ap ede w sonje pran medikaman yo nan bon fason an chak jou. Mande founisè swen sante w la oubyen ekip ou a ide.
Ou ka sèlman pran konprime pou dyabèt ou a kounya. Men sa ka chanje. Plis tan ap pase, se plis anpil moun ki gen dyabèt tip 2 ap bezwen ensilin oswa lòt enjeksyon tou.
Manje ki bon pou lasante
Yon alimantasyon ki sen ap ede w kontwole kantite sik ki gen nan san w. Sa ap ede w tou pou kenbe yon pwa ki bon pou sante w. Oswa li ede w pèdi pwa si w twò gwo. Lè w pran twòp pwa sa rann li pi difisil pou w kontwole dyabèt la.
Ekip swen sante w la ap ede w kreye yon plan ki ale avईè w. Ou pa oblije bay tout manje w renmen yo vag. Pran manje ak kolasyon avèk:
Chak fwa sa posib ranplase bwason ki gen sik (ki gen ladan l ji fwi) pa dlo oswa bwason ki gen yon ti kal kalori oswa ki pa gen kalori. Pa konsome manje ki gen sik ajoute.
Fòk ou aktif fizikman
Lè w aktif fizikman sa diminye nivo glikoz ou. Aktivite a ede kò w itilize ensilin nan pou transfòme aliman yo an enèji. Sa ap ede w jere pwa w tou:
Mande founisè swen sante w la pou l ede w kreye yon pwogram aktivite k ap ale avè w. Pwogram ou a baze sou laj ou, eta sante jeneral ou, ak tip aktivite w renmen fè yo. Kòmanse dousman. Men eseye vize pou piti 150 minit egzèsis oubyen aktivite chak semèn. Kòmanse avèk 30 minit pa jou. Fè 10 minit egzèsis an twa fwa. Pa kite 2 jou pase san w pa aktif.
Verifye nivo sik ki nan san w
Yon pati regilye nan swen w lan kapab verifikasyon nivo sik ki nan san w. Oubyen w ka petèt sèlman bezwen verifye sik ki nan san w detanzantan. Founisè swen sante w la ap esplike w kòman pou w verifye kantite sik ki nan san w lakay ou. Verifikasyon an endike w si kantite sik ki nan san w lan nan nivo nòmal la. Genyen yon nivo glikoz ki nòmal vle di w byen jere dyabèt ou a.
Si nivo sik ki nan san w lan twò wo oubyen twò ba, founisè swen sante w la ka mande w fè kèk chanjman nan alimantasyon ou oubyen nan nivo aktivite w. Yo ka ajiste medikaman w yo tou.
Founisè swen sante w la ka mande w tou pou w verifye kantite sik ki nan san w pi souvan lè w malad.
Pran swen tèt ou
Lè w soufri dyabèt, li pi fasil pou ou pou w gen lòt pwoblèm sante. Tankou pwoblèm nan pye, nan je, nan kè, nan nè, ak nan ren. Ou ka ede prevwa pwoblèm sa yo lè w kontwole sik ki nan san w. Ak nan pran bonjan swen tèt ou. Founisè swen sante w la, enfimyè w la, edikatè w nan kesyon dyabèt la, ak lòt moun ka ede w nan domèn sa yo:
-
Bilan. Ou ta dwe gen egzamen regilye avèk founisè swen sante w la. Lè vizit sa yo w ap gen yon egzamen fizik k ap gen ladan verifikasyon pye w yo. Founisè swen sante w la ap verifye tou tansyon w ak pwa w. Retire soulye nan pye w anvan kòmansman randevou w la pou asire w yo egzamine pye w. Asire w ou pote dosye tès sik nan san w yo. Mande founisè swen sante w yo si genyen nouvo oswa pi bon fason pou verifye nivo sik ki nan san w.
-
Lòt egzamen. W ap bezwen tou egzamen je, pye, ak dan omwen yon fwa pa ane oswa daprè rekòmandasyon yo.
-
Tès nan laboratwa. W ap fè analiz san ak pipi:
-
Founisè swen sante w la ap verifye emoglobin A1C ou a pou piti de fwa pa ane. Analiz sangen sa montre a ki pwen ou te byen kontwole glisemi w pandan 2 a 3 mwa ki pase yo. Rezilta yo ede founisè swen sante w la jere dyabèt ou a.
-
W ap gen lòt tès laboratwa tou. Tankou, pou verifye si gen pwoblèm nan ren ak to kolestewòl ki pa nòmal.
-
Fimen. Si w fimen, ou dwe kanpe sou sa. Fimen ogmante risk konplikasyon dyabèt la. Mande founisè swen sante w la mwayen pou w kanpe. Pa itilize nonplis sigarèt elektwonik yo, oubyen pwodwi vapotaj yo.
-
Vaksen. Pran vaksen chak ane kont grip la. Epi mande founisè swen sante w la ki vaksen ki pou prevansyon kont nemoni, zona, COVID-19,RSV ak epatit B.
Estrès ak depresyon
Anpil nan moun yo ap konfwonte difikilte pandan tout vi yo. Viv avèk dyabèt la ka ogmante estrès ou. Santi w estrese oubyen deprime ka afekte nivo sik ki nan san w.
Enfঊòme founisè swen sante w la si w gen difikilte pou w fè fas ak dyabèt la. Yo ka ede w oswa refere w bay lòt founisè oswa pwogram swen sante.
Pou plis enfòmasyon
Konnen kibò ou ka jwenn èd. Ou ka eseye sa ki vin aprè yo: