Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Ekzeyat aprè yon Chiriji Anbilatwa

Ou gen randevou pou w fè yon chiriji anbilatwa. Yo rele l operasyon menm jou a oubyen chiriji anbilatwa tou. Fich sa ap ede w aprann sa w dwe atann aprè operasyon w lan.

Antre lakay ou

Yo ap di w kilè w ka ale lakay ou aprè operasyon w lan. Si yo te ba w medikaman (anestezi) pou fè w dòmi ak evite doulè, ou ka toujou santi w soule oubyen ou gen yon doulè nan lestomak.

  • Asire w ou gen yon granmoun nan fanmi ou oubyen yon zanmi ou ki prè pou mennen ou lakay ou.

  • Si w bezwen beki oubyen yon lòt aparèy, asire w yo montre w kijan pou w itilize yo. Si w kapab, fè yon manm nan fanmi w oubyen yon zanmi w pran enstriksyon yo ak ou.

  • Gen yon moun ki prè pou rete ak ou pou omwen premye nuit lan.

Rekipere w lakay ou

Lakay ou, suiv enstriksyon yo te ba w yo.

  • Pa kondi oubyen pran gwo desizyon pou omwen 24è aprè w fin pran nenpòt tip sedatif la oubyen anestezi. 

  • Kenbe bandaj ou a oubyen pansman w lan pwòp epi sèk. Konnen kilè ou ka chanje oubyen retire bandaj la. Mande kilè w ka benyen oubyen kilè w ka pran yon douch.

  • Suiv enstriksyon founisè swen sante w la ba w sou manje ak bwason. Anvan tout bagay, lestomak ou ka fè w mal. Ou ka pa santi w ka manje anpil. Bwè anpil likid klè, tankou dlo, ji pòm oswa soda ak jenjanm.

  • Suiv enstriksyon pou tretman konstipasyon.

  • Amwens yo ta di w pa fè sa, leve epi bouje. Sa ap ede w geri. Yo souvan rekòmande pou w mache kèk fwa nan jounen an.

  • Fè ekzèsis respirasyon oubyen touse jan yo te di w la. Sa yo ap ede poumon w klè.

  • Asire w ou suiv tout enstriksyon swen yo. 

  • Pa kòmanse ekzèsis jiskaske w pale ak founisè swen sante w la. Sa enkli ekzèsis tankou kouri oubyen leve pwa.

  • Suiv konsèy founisè swen sante w la sou kilè ou ka rekòmanse kondi.

  • Verifye ak founisè swen sante w la kilè ou ka retounen nan travay ou.

Pran Medikaman yo

Yo ka ba w medikaman pou doulè oubyen medikaman pou aprè operasyon.

  • Pran medikaman pou doulè nan lè regilye yo di w fè sa. Pa tann se lè doulè a vin pi mal pou w pran medikaman an. Pran sèlman kantite medikaman yo preskri w la.

  • Pa kondi, pa itilize aparèy elektrki oubyen lòt machin ki danjere, oubyen pa bwè alkòl pandan w ap pran medikaman pou doulè a.

  • Si yo te ba w antibyotik, pran yo jiskaske yo fini oubyen lè yo mande w kanpe yo. Si w gen difikilte pou w pran yo oubyen gen efè segondè, rele founisè swen sante ou a.

Swivi

Yon moun nan ekip swen sante w la ka rele w pou konnen kijan w ye. Di yo si w gen nenpòt pwoblèm oswa kesyon.

 Kilè pou w rele founisè swen sante w la

Rele si w gen youn nan sa anba yo:

  • Ou pa ka redwi manje oubyen likid yo

  • Ou pa pipi depi lè ekip swen sante w la te note a

  • Ou pa twalèt depi lè ekip swen sante w la te note a

  • Bandaj ou a plen (san ak likid ki pa nòmal)

  • Doulè w la vin pi mal epi medikaman pou doulè pa kalme l

Rele si ou genyen youn nan siy enfeksyon sa yo:

  • Ou gen Yon fyèv 100.4°F (38°C) oswa pi wo, oswa nan nivo founisè swen sante ou an di w lan

  • Senyman oubyen enflamasyon ki ogmante

  • Move sant, chalè, oubyen ekoulman jòn oubyen vèt ki ap soti kote ki te koupe a (ensizyon)

  • Zòn kote yo te koupe a oubyen alantou janm ou yo di, wouj, cho, oubyen gen doulè

Rele 911

Rele 911 oswa ale nan yon sèvis ijans si ou gen:

  • Souf kout

  • Ou gen doulè nan pwatrin ou

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.