Apre Ranplasman Ranch: Kilè pou Rele Chirijyen w
Asire w respekte tout machaswiv chirijyen w apre operasyon ou a. Si w gen kesyon oswa enkyetid, rele ekip swen sante w.

Rele 911
Rele 911 touswit si w gen:
-
Doulè nan pwatrin
-
Souf kout
Kilè pou w rele founisè swen sante w
Rele founisè swen sante w oswa jwenn swen medikal touswit si w gen:
-
Doulè nan ranch ki vin pi mal
-
Doulè oswa anfleman nan molèt ou oswa nan janm ou ki pa toupre ensizyon w lan
-
Doulè oswa po wouj nan molèt ou
-
Lafyèv 100.4°F (38°C) oswa pi wo, oswa selon rekòmandasyon yo
-
Frison avèk tranbleman
-
Anfleman oswa woujè nan sit ensizyon an ki vin pi mal
-
Likid oswa yon movèz odè k ap soti nan ensizyon an
Anpeche enfeksyon
Yon enfeksyon ka andomaje nouvo jwenti a. Nenpòt enfeksyon nan kò w, tèlke nemoni oswa yon enfeksyon nan blad pipi, ka gaye nan nouvo jwenti w la. Rele chirijyen w oswa founisè swen sante prensipal ou si w panse ou gen nenpòt kalite enfeksyon.
Rele yo si w gen plan pou w sibi nenpòt pwosedi medikal oswa dantè. Founisè swen sante w ka konseye w pran antibyotik anvan nenpòt pwosedi yo pou ede evite enfeksyon.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.