Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Konprann varis ak varikozite yo.

Varis yo se venn ki elaji yo, yo tòde epi yo gonfle. Ou ka wè venn ki tankou kòd sa yo anba po a. Varikozite yo, se veso sangen ki andomaje ki anba po a ki gen koulè wouj, ble oswa vyolèt.

Kisa sentom yo ye?

Gen anpil moun ki pa gen okenn pwoblèm avèk varikozite ni varis. Men kèk fwa yo ka bay doulè oubyen anfle janm yo. Janm ou yo ka lou epi fatige tou. Oubyen yo ka tankou y ap boule. Sentom yo ka pi grav lè jounen an pral fini. Chita twòp oubyen kanpe twòp ka agrave sentom ou yo tou. Men, gen tretman ki ka ede.

Kiyès ki gen varis ak varikozite.

Tout moun ka genyen varis oubyen varikozite. Men pwoblèm nan venn yo gen tandans ereditè (soti nan fanmi). Lòt faktè ki ka afekte venn yo:

  • Gwosès, òmòn, ak pilil kontraseptif

  • On travay kote w kanpe oubyen chita anpil

  • Pwa anplis oubyen manke fè egzèzis

  • Laj

Imaj lateral yon janm k ap montre varikozite yo.Imaj lateral yon janm k ap montre varis yo.

Èske w toujou ap sere janm ou akoz aparans yo? Ou petèt remake ti ekla wouj oubyen ble (varikozite). Oubyen ou petèt gen venn gonfle oubyen tòde (varis). Si se konsa l ye, gen tretman ki ka ede w.

Kisa yo ka fè?

Varis ak varikozite yo ka afekte fason w santi w. Pale de enkyetid ou yo ak founisè swen sante w la. Gen tretman ki ka soulaje sentom yo epi amelyore aparans janm ou yo.

Chwa tretman w yo:

Tretman yo ka:

  • Swen w bay tèt ou. Lè w aktif fizikman, sa a ka ede w amelyore sikilasyon san an nan janm ou. Menm jan tou, ou ka pèdi pwa, si w bezwen sa, epi pote ba pou konpresyon.

  • Esklewoterapi. Pandan tretman sa, yo enjekte yon pwodwi chimik nan venn yo. Sa ka mache pou varikozite yo ak kèk varis.

  • Nouvo pwosedi oubyen operasyon ki pa nesesite gwo ouvèti (nan ka ki ra). Tretman sa yo ka nesesè pou gwo varis yo.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.